20220626

4752 Po je nan pyev la

Kè mwen ale 
Tankou san domi
Po je nan pyev la 
Ki pa janm fèmen.

Anndan 
Gen yon bato 
Ki gen yon ti lanp 
Ak yon limyè 
Nan lumèn enfini, 
Mare nan tan kap vini 
An nan lè a dous 
Lè bò kote ou 
Mwen dòmi rilaks 
Ak tandrès kontan.

No hay comentarios.: