Ou monte, ou desann,
Tankou si ou te konprann
Ke sa ki anle,
Se li menm ki anba.
Ou kreye
Vag plezi
Pandan ou deplase
Sou pant altitid
Lavi mwen.
Tout grenn ou yo,
Gaye pandan
Tan fèt mwen,
Te vin konnen limyè ou.
Sou tras estel ou,
Vet la renouvle anndan mwen:
Bwa Aaron lan
Ak vale zo sèch yo
Ke mwen te pote tankou yon chay
Sou bò kannòt mwen.
Jodi a, rasin ou
Rive nan
Ke mwel zo mwen.
E pandan ou kontinye
Vwayaje dousman,
Sou sifas
Dlo mwen yo,
Ou monte, ou desann,
Tankou si ou te konprann
Ke sa ki anlè, se
Li menm ki anba.
Ou kontinye fe
Vag plezi leve
Pandan ou travese
Wote ak fon
Egzistans mwen.
No hay comentarios.:
Publicar un comentario