20250610

5820 Menase

Mwen te santi
Mwen menase
Pa bouch li
Epi san panse
De fwa,
Mwen voye
Katrich mwen
San reflechi
Nan machwè
Fou
Delir
Anba bo
K’ap bouyi
Anndan mwen
Tankou yon
Chodyè
Anflame
Ak antisipasyon.

No hay comentarios.: