20151103

3741 Moun ki koute

Moun ki koute
Ta kapab kwè
Ki sa a ki mwen
Se yon ri,
Lage kòm flè
Difé
Sou nwit san lalin.

Me yo pa konnen
Ke se jémisman
Chen mawon
Prizonye
Nan kalòj
Pwatrin mwen.

Ke se santiman an,
Voulwa sa a
Ki w montre w mem
Nan pòt mwen
Ak ou di m: Bonjou!

No hay comentarios.: