19941130

1336 Sans pawòl yo

Lè w te sòti kote mwen
Figi m te chanje
Ak lavi m te sòti
Avek dwet pye w
No moman w tap mache.
Paske mwen pa kapab
Renmen yon lòt madann
Nan tout tè a
Pou sa a lè w te sòti kote mwen
Lespri m te chavyre
Nan lanmè lanmò
Mem jan ak yon batyman
Ak tèt, kò avek lwa mwen
Te rete pli sel pase
Yon chen nan sabann
Kap mouri.
Ak kounye a mwen gen nan ko
Yon kriye ke pa kapab sòti
Paske lè w te sòti kote mwen
W te pote tout fraz yo
Ke mwen te gen
Pou ta kontann
Ak sans di yon pawòl
W te pote tout pawòl yo
Lè w te sòti kote mwen.

No hay comentarios.: