20260330

6013 Ant anvi ak traka

Se opresyon
Lanmmou ou pa ban m
Sou mwen:
Yon pat
Elefan
K ap kraze
Pwatrin mwen;
Kraze
Ekilib
Nan dlo
Ensèk
K ap glise a;
Yon estati
Wòch,
San lafwa,
Ki koule
Lè li eseye mache
Sou lanmè.

Lanmmou ou pa ban m
Koube
Dezi mwen yo
Vè tinèl
Etwat
Lensomni.

E mwen pa vle viv konsa,
Ant anvi
Ak traka.

No hay comentarios.: