Mwen anvi
Jwenn lejitimite
Nan gade ou,
Jwenn valè
Nan je ou.
Gade mwen:
Mwen se yon pyebwa
Ki gen kouwòn li
K ap tann,
San tranble,
Dife
K ap avanse
Nan forè a.
Se pou kouran ou
Bay sans
A koule mwen
Nan jodi a
Espas
Ak tan.
M ap mache
Ak yon anvi
Imans
Pou son ou,
Pou douvanjou ou.
Mwen pa vle anyen ankò
Eksepte flanm ou,
Mwen pa chèche anyen ankò
Eksepte lonbraj ou
Pou mwen bo li
E bo li ankò
Jiskaske lalin ou yo
Elaji
E dirije
Chak pa
Nan bouch ou
Sediktè.
Jiskaske ou sele
E sètifye
Santiman mwen
Depi lontan.
No hay comentarios.:
Publicar un comentario