20260322

5978 Sèl prezans ou

Sèl prezans ou
Fè m lage 
Wòch la
Mwen pote 
Vlope nan pwatrin mwen,
Wòch ki pote non 
Lapenn.
Tankou si se te yon satelit 
San pwa
Ki dekroche nan òbit li,
Tout kè sere yo 
Fonn anndan mwen
Lè pye ou 
Travèse limit 
Chenn mwen yo.

No hay comentarios.: